| |
Enstiti entèinivèsitè pou rechèch ak devlopman (L’Institut Interuniversitaire de Recherche et de Développement), INURED, ke nou rele ankò Enstiti a, se yon enstitisyon ki okipe l de sa ki gen a wè ak rechèch epi fòmasyon nan nivo akademik siperyè li tabli kòl nan peyi Dayiti depi lane 2007.
INURED travay ansanm avèk lòt enstisyion : akademik ou byen ki pa akademik, Leta oubyen prive, enstitisyon ki nan peyi a oubyen a letranje, epitou travay espesyalman sou twa branch:
• Rechèch ak Fòmasyon nan nivo akademik siperyè
• Aksyon nan kominote yo
• Pwodui, Konsantre ak Blayi konesans
Enstiti a chita kòl nan Delma 83, ri <Eucalyptus> nan nimewo 8, Pòtopwens. Kay Enstiti a se kote pou chèchè ak etidyan vin travay ak rete tou pou rechèch; ayisyen kou etranje. Konn gen Seminè tou, ak pwofesè ki vin bay konesans epitou bay konferans. Lokal la genyen pou l gen ladan li yon sant dokimantasyon ki ap premye pa pou gen yon Bibliyotèk Syantifik. Menm si Enstiti an Delmas, men li long, lap travay tou nan Site Solèy, ak nan kelke vil pwovens tankou Mibalè kote lap mennen aksyon nan kominote sa yo. |
|
|